Lyrics I´m Sorry
By Klass
(Verse 1)
Lè mennaj mwen te gen dizwi tan,
Yon gwosès met pye nan neglijans (come on)
Pawòl anpil presyon paran
Te fè’n kwè’l pat pare pou’l manman
Manzèl te toujou reve pou’l ta ban mwen yon bebe
Menm pat ko gen maturite, mte pè reponsabilite
Mwen tonbe bal presyon pou’l fè dilatasyon
Pou mwen se te sèl solisyon
Men depi sa fin pase, konsyans mwen pa janm dòmi
Wi chak fwa’m wè yon bebe, I feel so sorry
I’m sorry, I’m sorry
M’pot ko konprann lavi
I’m Sorry
SUGGEST SONG: Lyrics Child Support – Zenglen
(Verse 2)
Ay mwen di lè timoun nan pral tonbe(li pral avòte)
Menm nan klinik avè’l mwen pate ale
Mwen te rete ak zanmi’m,
panse’m se bon jennjan
Ala bagay ki lèd se lè yon nonm inyoran
Moman’l te plis bezwen prezans mwen(li pat ka jwenn mwen)
Se lè sa’m dezète’l, lè sa’m ret pli lwen’l
Li te ka pèdi lavi’l, avòtman gen peril
Mwen pa konn kite’w ye, cheri si wap tande
Mwen mande padon Cherie
Konsyans mwen soulaje
Klass nan vil la
Oh oh oh oh oh oh oh oh
Fè lanmou pa gen aksidan tande
Kijan’w eksplike se aksidan l ye
Si pa genyen vyole, si kondonm pa chire(neglijans li ye)
Gen de vi’k gache, jete’l gen danje
Si se timoun ou ye prefere’w evite
Timoun koute chè, si’w pa pare
Di’m kisa’w pral fè, si’w pa pare
Vi’w ka gache, si’w pa pare
Vi pa’l an danje, si’w pa pare
Li pa mande fèt, si’w pa pare
Pito w mete chosèt, si’w pa pare
Fè atansyo, si’w pa pare
Pran prekosyon, si’w pa pare
Pa vin di’m se aksidan
Kijan’w eksplike se aksidan’l ye
Si pa genyen vyole, si w kondom pa chire(neglijans li ye)
Gen de vi’k gache, jete’l gen danje
Si se timoun ou ye prefere’w evite
Timoun koute chè, si’w pa pare
Di’m kisa’w pral fè, si’w pa pare